Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/26/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Anonse L Ap Patisipe nan Pwogram Repa Timoun Depatman Agrikilti Etazini an

“Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse entansyon li pou l patisipe nan Pwogram Repa Timoun Depatman Agrikilti Etazini an, ki se yon pwogram gouvènman federal la finanse, e ki ranbouse founisè sèvis repa nourisan pou timoun ki elijib e ki enskri nan pwogram repa yo.  Repa yo ap disponib san okenn frè adisyonèl pou tout patisipan ki enskri nan sant ki anba a, kèlkeswa ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj, oswa andikap timoun ki nan pwogram nan.

 

Non Sant la                                                  Adrès Konplè Sant la

Arch Creek Elementary                               702 NE 137 Street North Miami, Fl 33161

 

Paran/gadyen timoun ki elijib pou repa gratis ak nan pri redui yo dwe ranpli yon aplikasyon.  Pami enfòmasyon sou elijibilite yo genyen non tout manm fwaye a; revni chak manm fwaye a oswa nimewo dosye manm fwaye ki nan ‘Food Assistance Program’ (ki te rele ‘Food Stamp Program’) oswa nimewo dosye yo nan ‘Temporary Assistance for Needy Families’ (TANF); siyati yon adilt ki se manm fwaye a; e, si aplikasyon an gen enfòmasyon sou sale, kat (4) denye chif nan nimewo sekirite sosyal (SSN) adilt ki se manm fwa a ki siyen aplikasyon an oswa yon endikasyon ke adilt sa a pa gen yon nimewo SSN.

 

Timoun ki se manm fwaye ki ap resevwa benefis ‘Food Assistance Program’ oswa TANF, timoun ki enskri nan pwogram ‘Head Start’ oswa ‘Early Head Start’, ak timoun ki nan fwaye akèy elijib pou yo resevwa benefis repa gratis lè yo soumèt dokimantasyon ki apwopriye yo.

 

Timoun ki soti nan fanmi revni yo nan menm nivo oswa ki pi ba pase sa ki nan tablo anba a, elijib pou repa gratis oswa nan pri redui.  Deklarasyon konsènan règleman pou repa gratis oswa nan pri redui yo disponib nan lekòl timoun yo e nenpòt moun ki enterese revize yo ka fè sa.

 

Kantite Moun ki nan Kay la

Repa Gratis

Repa Nan Pri Redui

 

Chak Ane

Chak Mwa

Chak Semèn

Chak Ane

Chak Mwa

Chak Semèn

1

20,748

1,729

399

29,526

2,461

568

2

28,132

2,345

541

40,034

3,337

770

3

35,516

2,960

683

50,542

4,212

972

4

42,900

3,575

825

61,050

5,088

1,175

5

50,284

4,191

967

71,558

5,964

1,377

6

57,668

4,806

1,109

82,066

6,839

1,579

7

65,052

5,421

1,251

92,574

7,715

1,781

8

72,436

6,037

1,393

103,082

8,591

1,983

Pou chak manm adisyonèl, ajoute:

+7,384

+616

+142

+10,508

+876

+203

 

Daprè lwa federal sou dwa sivil ak règleman dwa sivil ak règ “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini), enstitisyon sa a entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, andikap, laj, sitiyasyon marital, sitiyasyon parantal, revni ki soti nan yon pwogram asistans piblik, opinyon politik, reprezay oswa vanjans pou aktivite dwa sivil yon moun te fè anvan, nan nenpòt pwogram oswa aktivite USDA te òganize oswa finanse (se pa tout baz nou mansyone yo ki aplike pou tout pwogram). Solisyon ak dat limit pou pote plent yo varye selon pwogram nan oswa ensidan an.

 

Moun ki gen andikap ki bezwen lòt mwayen kominikasyon pou jwenn enfòmasyon sou pwogram nan (pa egzanp, Bray, gwo lèt, kasèt odyo, Lang Siy Ameriken), dwe kontakte ajans eta a oswa ajans lokal ki responsab pou administre pwogram nan oswa kontakte USDA atravè Sèvis Relè Telekominikasyon an nan 711 (vwa ak TTY). Anplis, yo ka mete enfòmasyon sou pwogram nan disponib nan lòt lang ki pa Anglè.

 

Pou pote yon plent kont diskriminasyon nan pwogram nan, ranpli “USDA Program Discrimination Complaint Form” (Fòmilè pou Pote Plent kont Diskriminasyon nan Pwogram USDA), AD-3027, ki disponib sou entènèt nan ‘How to File a Program Discrimination Complaint’ e nan nenpòt biwo USDA, oswa ekri yon lèt ki adrese bay USDA. Lèt la dwe genyen tout enfòmasyon yo mande nan fòm nan. Pou mande yon kopi fòm konplent la, rele (866) 632-9992. Voye fòm ki tou ranpli a oswa lèt la bay USDA atravè:

 

1. Lapòs:

U.S. Department of Agriculture, Office of the Assistant Secretary for Civil Rights

1400 Independence Avenue, SW, Mail Stop 9410, Washington, D.C. 20250- 9410;

 

2. Faks: (202) 690-7442; oswa

 

3. Imèl: program.intake@usda.gov

 

Founisè sa a se yon enstitisyon ki bay tout moun opòtinite egal-ego.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/024/AZ/CM/RD

Follow us