“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade
County) ranpòte sèt (7) sou 11 Prim Meday Lò Entènasyonal pou Lekòl nan Edikasyon sou Jwèt Echèk
nan men ‘Fédération Internationale des Échecs (FIDE),’ e sa fè nou kanpe kòm sèl lekòl ki resevwa meday nan peyi Etazini.
FIDE, konsèy
regilatè nan domèn echèk, te kreye onè sa a pou selebre pwogram ki konekte jwèt echèk
yon fason siyifikatif ak enstriksyon nan salklas, resous akademik, ansanm ak
sansibilizasyon kominotè.
Yo evalye lekòl yo sou 11 kritè, ki gen
ladan patisipasyon elèv,
inovasyon nan ansèyman,
kalifikasyon edikatè,
pwogramasyon jwèt echèk, ak enpak sosyal. Nan premye ane kote li aplike pou rekonesans sa a, M-DCPS akonpli yon to siksè 100%, avèk tout sèt
lekòl ki aplike nan distri a ki sekirize yon Meday Lò—pi gwo prim ki depase
Meday Ajan ak Bwonz.
Lòt lekòl ki ranpòte Meday Lò yo lokalize nan Shanghai, Lachin; A
Coruña, Espay; Emira Arab Ini, ki gen de (2) lekòl ki ranpòte prim.
Lis Lekòl M-DCPS ki Ranpòte Meday Lò
• Citrus Grove K-8 Center
• Hialeah Gardens Middle
School
• Howard D. McMillan Middle
School
• Irving and Beatrice Peskoe K-8 Center
• North Miami Senior High School
• Phyllis Ruth Miller Elementary School
• Ruben Dario Middle School
Kòm sèl distri
lekòl nan Etazini ki resevwa Meday Lò pou Lekòl ane sa a, M-DCPS kontinye demontre
poukisa li se pi bon chwa pou elev ak fanmi ki ap chèche opòtinite anrichisman akademik klas
mondyal.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/020/AZ/CM/RD