“Miami-Dade
County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ofri “After-School Meals
Program,” (Pwogram Repa Aprè Lekòl), yon eleman ki anndan Pwogram Repa pou Swen
Timoun, anba “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti
Etazini), nan plis pase 285 lekòl, anonse ogmantasyon yon nouvo andwa apati 1ye
septanm 2026 nan Lekòl W.R. Thomas Middle School (13001 SW 26 Street, Miami, FL
33175).
Pwogram repa
aprè lekòl la asire elèv ki patisipe nan pwogram edikasyonèl regilye oswa
aktivite anrichisman aprè lekòl resevwa nitrisyon yo bezwen pou aprann e
devlope. Repa aprè lekòl yo dwe satisfè tout kondisyon USDA yo e yo dwe gen
ladan fwi ak legim fre.
Repa Aprè Lekòl
yo ak repa elèv nan Akademi Samdi yo disponib san okenn frè pou timoun ki
enskri nan pwogram Swen Aprè Lekòl oswa nan pwogram Akademi Samdi yo, kèlkeswa
ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, andikap, oswa laj, jan sa mansyone anwo
a. Pou plis detay, tanpri kontakte lekòl la dirèkteman.
Nouvo
pwogram edikasyonèl oubyen anrichisman aprè lekòl yo ak pwogram Akademi Samdi
ki kòmanse nenpòt lè pandan ane lekòl 2026-2027 la, ka mande sèvis repa aprè
lekòl pou elèv ki enskri nan pwogram yo lè yo kontakte “M-DCPS Department of
Food and Nutrition” (Depatman Manje ak Nitrisyon M-DCPS) la.
Ou
ka jwenn enfòmasyon sou aktivite anrichisman aprè lekòl yo nan:
nutrition.dadeschools.net.
Avètisman ‘USDA’:
Daprè lwa federal sou dwa sivil
ak règleman dwa sivil ak règ “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman
Agrikilti Etazini), enstitisyon sa a entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè,
orijin nasyonal, sèks (ki gen ladan idantite sèks gason oswa fi ak oryantasyon
seksyèl), andikap, laj, reprezay oswa vanjans pou aktivite dwa sivil yon moun
te fè anvan.
Enfòmasyon sou pwogram yo ka
disponib nan lòt lang ki pa Anglè. Moun ki gen andikap ki bezwen lòt mwayen
kominikasyon pou jwenn enfòmasyon sou pwogram nan (pa egzanp, Bray, gwo lèt,
kasèt odyo, Lang Siy Ameriken), dwe kontakte ajans eta a oswa ajans lokal ki
responsab pou administre pwogram nan oswa USDA TARGET Center nan (202) 720-2600
(vwa ak TTY) oswa kontakte USDA atravè “Federal Relay Service” (Sèvis Relè
Federal la) nan (800) 877-8339.
Pou pote yon plent kont
diskriminasyon nan pwogram nan, moun ki pote plent la dwe ranpli fòm AD-3027
“USDA Program Discrimination Complaint Form” (Fòmilè pou Pote Plent kont
Diskriminasyon nan Pwogram USDA), ou ka jwenn sou entènèt nan: www.usda.gov/sites/default/files/documents/ad-3027.pdf
rele nan nenpòt biwo USDA, nan
(866) 632-9992, oswa ekri yon lèt ki adrese bay USDA. Lèt la dwe genyen non
moun ki pote plent la, adrès, nimewo telefòn li, ak yon deskripsyon ekri sou
aksyon diskriminatwa li di yo fè sou li a ak ase detay pou enfòme “Assistant
Secretary for Civil Rights (ASCR)” (Asistan Sekretè Dwa Sivil la) sou
diskriminasyon yo ak dat plent vyolasyon dwa sivil li di yo fè sou li a. Moun
nan dwe voye Fòm AD-3027 la ki ranpli oswa lèt la bay USDA nan:
1. Lapòs:
U.S.
Department of Agriculture
Office
of the Assistant Secretary for Civil Rights
1400
Independence Avenue, SW
Washington,
D.C. 20250-9410; or
2. Faks:
(833)
256-1665 or (202) 690-7442; oswa
3. Imèl:
Founisè sa a se yon Enstitisyon ki bay tout moun
opòtinite egal-ego.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/23/AZ/RD