Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/12/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Ankouraje Fanmi pou Prepare yo pou Premye Jou Lekòl 13 Out 2026

Premye jou lekòl nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se jedi 13 out 2026, e nou ankouraje fanmi yo pou yo enskri elèv yo, mete enfòmasyon sou kontak yo ajou e revize resous ki disponib yo pou asire yo byen kòmanse ane lekòl la.

 

Kòm yon distri ki ofri yon chwa konplè, M-DCPS kontinye ap elaji chemen akademik kalite siperyè li a ki sou menm liy avèk enterè, talan ak objektif elèv yo pou lavni, e pou asire fanmi yo gen aksè ak bonjan opsyon edikasyonèl, atravè Miami-Dade County.

 

Prepare W pou Premye Jou Lekòl la

Nou ankouraje fanmi yo pou yo franchi etap ki nan lis anba a anvan premye jou lekòl la:

 

·                     Enskri pitit nou e mete enfòmasyon sou kontak nou ajou.

·                     Asire n pitit nou pran tout vaksen yo e nou soumèt tout dokiman obligatwa yo.

·                     Revize asiyasyon pou transpò yo ansanm ak orè otobis lekòl yo.

·                     Konfime elijibilite pou repa yo e ranpli aplikasyon yo, si sa nesesè.

·                     Telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la.

·                     Konekte avèk pwofesè yo ansanm ak anplwaye lekòl yo.

·                     Etabli woutin ki sipòte prezans, devwa, ak aprantisaj.

 

Resous pou Fanmi Ka Rete Konekte

Fanmi ka jwenn aksè ak enfòmasyon ak resous konsènan ouvèti lekòl la atravè:

 

·                     Sit Entènèt pou “Back-to-School” (Ouvèti Lekòl) la: backtoschool.dadeschools.net

·                     “Parent Academy” (Akademi Paran) an: parentacademymiami.com

·                     “HealthConnect” (Koneksyon Sante): thechildrenstrust.org/healthconnect

·                     “Mental Health Services” (Sèvis Sante Mantal): 305-995-7100

·                     “Adult and Career Education” (Edikasyon Pwofesyonèl pou Adilt): 305-558-8000

·                     Pwojè ‘UP-START’: 305-995-7558

·                     Sèvis Transpò: Fanmi ki elijib yo ka jwenn aksè ak enfòmasyon sou wout otobis yo ansanm ak sistèm pozisyònman otobis yo nan tan reyèl atravè Aplikasyon Mobil Dadeschools la ak Pòtal Elèv ak Paran an.

 

M-DCPS ankouraje paran pou yo asire lekòl pitit yo genyen nimewo telefòn, adrès imèl, ak kontak ijans ki ajou. Lè nou bay Distri a enfòmasyon ki ajou, sa pèmèt li pataje enfòmasyon enpòtan, alèt konsènan transpò, ak notifikasyon ijan avèk nou byen vit e avèk efikasite. Paran yo ka mete enfòmasyon yo ajou dirèkteman atravè lekòl pitit yo.

 

 

 

Nou ankouraje paran pou yo konsève nimewo telefòn sa yo:

 

·                     (305) 995-1000 – Apèl vokal ki soti nan M-DCPS

·                     (305) 939-0950 – Mesaj tèks ak alèt ki soti nan Distri a ak sèvis transpò

·                     (305) 939-0945 – Mesaj tèks ki soti nan lekòl Rejyon Nò yo

·                     (305) 939-0946 – Mesaj tèks ki soti nan lekòl Rejyon Santral yo

·                     (305) 939-0947 – Mesaj tèks ki soti nan lekòl Rejyon Sid yo

·                     54968 – Mesaj tèks ijans lekòl ak Distri a

 

Aplikasyon Mobil Dadeschools la

Aplikasyon Mobil Dadeschools la, nou fèk mete ajou, sèvi kòm yon resous ki gen tout enfòmasyon pou fanmi, lè li ba yo aksè sou enfòmasyon enpòtan tankou orè klas, nòt lekòl, meni repa midi, transpò, lokalizasyon otobis lekòl, nouvèl sou Distri a, dènye enfòmasyon ki soti nan Distri a ak lòt resous ki enpòtan. Nou ankouraje paran pou yo telechaje aplikasyon gratis la sou aparèy iPhone oubyen Android yo, e pou yo itilize li pandan tout ane lekòl la pou yo ka rete enfòme e konekte.

 

Fason pou Paran Ede Pitit yo Byen Kòmanse Ane Lekòl la

M-DCPS ankouraje fanmi yo:

 

·                     Etabli woutin pou dòmi, ale lekòl e fè devwa.

·                     Fè lekti avèk pitit nou chak jou.

·                     Suiv nòt ak prezans pitit nou nan lekòl atravè Pòtal Paran an ak Aplikasyon Mobil Dadeschools la.

·                     Rete konekte avèk pwofesè ak anplwaye lekòl yo.

·                     Ankouraje patisipasyon nan aktivite andeyò lekòl la ansanm ak pwogram ki fèt nan lekòl la.

 

Prezans Lekòl Enpòtan

M-DCPS ankouraje fanmi yo pou yo fè kesyon prezans la vin yon priyorite depi nan premye jou lekòl la. Prezans ki regilye se youn nan faktè prediksyon ki pi enpòtan konsènan akonplisman akademik ansanm ak siksè alontèm pou elèv. Nou ankouraje fanmi ki ap fè fas ak pwoblèm sante, transpò, lojman oswa lòt sikonstans ki anpeche yo asire pitit toujou prezan lekòl pou yo kontakte lekòl pitit yo pou mande èd.

 

Repa nan Lekòl yo

Kòmanse nan ane lekòl sa a, M-DCPS ap fè tranzisyon pou antre nan yon modèl “Community Eligibility Provision (CEP)” (Pwovizyon Elijibilite Kominotè) ibrid ki baze sou nouvo kondisyon elijibilite federal yo.

 

·                     Yon total 121 lekòl pral kontinye ofri dejne ak repa midi gratis pou tout elèv atravè CEP a.

·                     Fanmi ki nan lekòl ki pa fè pati CEP yo ka oblije ranpli yon Aplikasyon pou Repa Gratis e Nan Pri Redui apati 10 out.

·                     Dejne ap rete gratis pou tout elèv ki nan lekòl elemantè ki pa fè pati CEP ak sant K-8 yo.

·                     Fanmi yo ka aplike nan mdcpsnutrition.net.

 

Sante, Byennèt ak Sekirite Elèv

M-DCPS kontinye priyorize byennèt sosyal, emosyonèl ak mantal elèv. Pami resous ki disponib yo genyen:

 

·                     Plis pase 130 kowòdonatè sante mantal ki ap sèvi lekòl atravè M-DCPS.

·                     Liy Telefòn Asistans pou Paran an se 305-995-7100, e li disponib set jou pa semèn, soti 8è dimaten rive 8è diswa.

·                     ‘HealthConnect’ se sevis sante ki baze nan lekòl yo avèk sipò ‘The Children's Trust’.

·                     Pwojè UP-START sevi elèv ki ap fè fas ak enstabilite nan domèn lojman.

 

Sekirite nan Lekòl: M-DCPS gen pi gwo depatman polis lekòl nan peyi a, e li toujou genyen yon ofisye polis ki detèmine pou pwoteje elèv nan chak lekòl. Nou ankouraje elèv ak fanmi pou yo rapòte aktivite ki parèt sispèk atravè ‘FortifyFL’ oswa yo ka rele nan 305-995-COPS (2677).

 

“Heads Up, Phones Down” (Tèt Anlè, Telefòn Anba): M-DCPS kontinye ap pwomote konsantrasyon nan anviwònman aprantisaj la lè li limite itilizasyon telefòn pou elèv pandan jounen lekòl la. Elèv nan klas elemantè ak klas mwayen yo pa dwe itilize oswa ekspoze aparèy elektwonik pèsonèl yo, pandan elèv klas segondè yo ka itilize yo sèlman lè yo pa nan klas. Elèv ka itilize aparèy elektwonik pèsonèl yo pandan klas sèlman nan objektif edikasyonèl lè yon pwofesè mande pou yo fè sa.

 

Nouvo Opòtinite Edikasyonèl

Pami nouvo pwogram ak pwogram elaji pou ane lekòl 2026-2027 la genyen:

 

·         Pwogram Magnet ki ede Distri a elaji koleksyon chwa li pral ofri, e ranfòse angajman nou pou n se pi bon chwa pou edikasyon nan Miami-Dade County. Avèk 121 lekòl ak plis pase 350 pwogram, soti nan Klas Matènèl jiska 12èm ane, pwogram Magnet M-DCPS yo ofri chemen pou yon avni briyan pou chak elèv. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite miamimagnets.org. Men kèk nan nouvo pwogram Magnet pou ane sa a:

 

o    ‘SpaceHUB’ nan Booker T. Washington Senior High School, yon pwogram Magnet ki ofri espesyalizasyon nan pwogram espasyal, wobotik, jeni ak manifakti.

o    ‘SportsPLEX’ nan Miami Killian Senior High School, yon pwogram Magnet ki ofri espesyalizasyon nan biznis espòtif, medsin espòtif, teknoloji espòtif ak medya espòtif.

 

·         Pwogram pou Timoun Anbazaj ‘PK-3 Sprouts’ ap elaji ane sa a nan:

o        Coral Park Elementary School (Rejyon Santral)

o        E.W.F. Stirrup Elementary School (Rejyon Santral)

o        Greynolds Park Elementary School (Rejyon Nò

o        Howard Drive Elementary School (Rejyon Sid)

o        iPreparatory Academy (Rejyon Santral)

o        Miami Beach South Pointe Elementary School (Rejyon Nò)

o        Palm Springs North K-8 Center (Rejyon Nò

o        Silver Bluff Elementary School (Rejyon Santral)

o        Southside Preparatory Academy (Rejyon Santral)

o        William Lehman Elementary School (Rejyon Sid)

 

‘Reggio/Montessori’

o        Biotech @ Zoo Miami

o        Frances S. Tucker K-8 Center

o        Joella C. Good Elementary School

o        Phyllis Ruth Miller Elementary School

o        Scott Lake Elementary School

o        Silver Bluff Elementary School

o        Venetian Parc Academy

 

“Artificial Intelligence (AI)” (Entèlijans Atifisyèl) kontinye jwe yon wòl enpòtan nan prepare elèv yo pou lavni. Atravè bonjan pwogram inovatif ak aplikasyon ‘Google Gemini for Education’ Distri a itilize, elèv yo ap aprann kijan pou yo itilize ‘AI’ yon fason responsab pou amelyore kreyativite, devlope panse kritik, ladrès pou rezoud pwoblèm e ogmante pwodiktivite. Pwofesè yo ap itilize zouti ‘AI’ yo tou pou adapte ansèyman ak leson yo selon bezwen chak elèv epi pou sipòte aprantisaj yo pi byen. M-DCPS konsidere ‘AI’ kòm yon zouti ki amelyore edikasyon, pandan li kenbe relasyon imen, ansèyman ak aprantisaj kòm pwen esansyèl eksperyans nan salklas la.

 

Antanke yon distri lekòl ki resevwa nòt A pandan sèt ane, M-DCPS rete angaje pou l bay elèv yo ekselans, chwa, inovasyon ak sekirite, pandan l ap asire chak timoun gen aksè ak opòtinite ansanm ak sipò ki nesesè pou yo reyisi. Siksè akademik Distri a kontinye montre yon angajman pou kontinye amelyore, kote elèv yo kontinye ap pèfòme nan nivo ki depase mwayèn eta a nan pifò matyè yo teste epi yo montre yon kwasans dirab pandan plizyè ane ki pase yo. Siksè elèv yo baze sou bon patenarya ant fanmi yo ak lekòl yo. Timoun yo gen plis chans pou yo reyisi lè paran yo rete angaje, lè prezans lekòl la rete yon priyorite pou fanmi an, epi lè lekòl yo bay sipò ak opòtinite ki fè sans. Gras ak angajman li pou ekselans akademik, preparasyon pou lavni ak byennèt elèv yo, M-DCPS kontinye reprezante pi bon chwa pou fanmi ki nan Miami-Dade County.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools. 


# # #

26-JCD/014/AZ/CM/RD

Follow us